60 Teknik Limye

60 teknik limyè pwofesyonèl

60 Teknik Limye

Pou'w domine Foto nan STudio

Yon gid konplè, 100% an kreyòl, ki pral montre w etap pa etap kijan pou itilize limyè nan nenpòt sitiyasyon pou fè foto ekstraòdinè.

Ki sa ou pral jwenn nan liv sa a?

Pouki'w bezwen liv sa a?

Liv sa a pral chanje nèt fason ou travay ak limyè nan estidyo. Li fèt pou fotogwaf ki vle sispann fè esè ak erè epi kòmanse kreye imaj ki bèl, pwofesyonèl, avèk entansyon. Gid sa a montre w etap-pa-etap tout pozisyon limyè pwofesyonèl yo, konsa w ap ka repwodui yo avèk konfyans. Kit ou fè foto pòtrè, mòd, oubyen travay komèsyal, teknik sa yo ap ba w rezilta ki bèl e ki konsistan chak fwa.

Li pafè tou pou moun ki ap kòmanse epi ki santi yo pèdi ak tout mo teknik sou limyè yo. W ap aprann pa sèlman “kòman pou fè l”, men tou “poukisa” dèyè chak aranjman limyè — konsa w ap ka adapte yo epi kreye pwòp stil ou san pè ni konfizyon.

60 teknik limyè pwofesyonèl

Sispann pèdi tan ap chèche poz ideyal!

Liv sa a ap tounen zouti ki pi enpòtan nan karyè w kòm fotograf oswa modèl. Avèk 60 teknik limyè pwofesyonèl, ou pap janm rete san enspirasyon ankò.

Pou kiyès liv sa a?

Pa janm rete san ide pou rezoud nenpòt sitiyasyon limyè nan estidyo ankò! 

Ou gen yon gid konplè nan men’w. Mwen mete ansanm pi bon set-up limyè kem itilize: 1 limyè sèlman ka baw yon mechan foto, ou pral sezi tout sa ou ka fè lè w konn kijan pou itilize l byen; plis pase 19 set-up ak 2 limyè, imajine kantite posiblite sa ap louvri pou’w set-up ak 3, 4, 5 menm 6 limyè – pou nenpòt style ou vle kreye. Lè ou li liv la epi mete l an pratik, konpreyansyon ou sou limyè ap monte nan yon nivo pwofesyonèl, e ou menm w ap ka envante pwòp set-up limyè pa w. 


Liv sa a se pi bon referans rapid pou nenpòt sesyon nan estidyo: ou ka pote l nenpòt kote nan telefòn, tablèt, oswa laptop ou; pa gen pwoblèm konbyen limyè ou genyen, w ap jwenn yon solisyon ladanl; nou kouvri anpil style diferan tankou High Key, Low Key, limyè tradisyonèl, modèn, ak efè kreyatif. Ou ka teste chak set-up kòm egzèsis, e menm si ou pa fè tout, tout sa ou aprann ap chanje lavi ou kòm fotograf. Nan fen liv la, nou mete plizyè sekrè set-up kem pi renmen yo, menm jan m itilize yo ak kliyan’m yo, e yo toujou renmen rezilta yo.

Yon ti gade sou Liv lan

Nan fen jounen an, kit nou se photographer oubyen model, yo pral toujou jije nou sou rezilta nou yo e jan ou itilize limyè yo nan Studio se youn nan eleman ki pi enpòtan. Yo pa sèlman fè tout moun parèt pi bèl, men yo ede rakonte istwa a, pase emosyon an, epi montre esans moman foto an

Pouki'w bezwen liv sa?

Liv sa pote pou w solisyon konplè pou’w domine Jodi an menm fotografi nan estudio, afè bagay w’ap grate tèt lan paske’w bloke, oubyen wap fè menm style foto an chak jou, bagay sa fini

Nou garanti’w ke siw gen yon problém ak liv lan, n’ap remét ou lajan’w san tét chaje

Aprann ki pi bon modifikatè limyè pou chak sitiyasyon.

Ou ka resevwa Liv lan jodi an menm sou email ou siw chwazi vésyon Digital lan, li pi ba pri tou

SIw chwazi Vésyon Fizik lan, n’ap voyel pou w pa Fedex ki ka rive nan 2 a 5 jou lakay ou !

60 teknik limyè pwofesyonèl

60 Teknik Limye

Pou'w domine Foto nan STudio

Yon gid konplè, 100% an kreyòl, ki pral montre w etap pa etap kijan pou itilize limyè nan nenpòt sitiyasyon pou fè foto ekstraòdinè.

@2025 Jemsonmarius, All Rights Reserved

+1 774 384 6150

support@jemsonmarius.com